FELmag nan Livres en folie
13 mai 2025
19 jen 2025. Randevou kase nan Petyonvil pou 31èm edisyon Livres en folie. FELmag, gran magazin literati kreyòl Ayiti, Karayib la ak Oseyan endyen an, ap tann tout moun sou stanng Communications Plus. Piblikasyon Associations FEL Caraïbes ak Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, FELmag rasanble plis pase 30 pèsonalite ki soti nan yon dizèn peyi ak kominote kreyolofòn. Plis pase 60 paj, n ap dekouvri nan magazin nan : atik syantifik, diskou, kwonik, ekstrè liv, entèvyou, omaj ak temwanyaj sou Frankétienne, atik literè, elt. Se yon reyèl min enfòmasyon ak konesans pou sila ki swete konnen plis sou lang ak literati kreyòl.